16 oktòb 2021, yo pral lanse yon yon seri de vizit penti miral ki pral fèt an kat pati nan Atlanta, Georgia, pou selebre Dorothy Bolden. Penti Miral yo kouvri kat bilding – yo lokalize nan yon reyon apeprè de kat kilomèt anndan oswa tou pre Vil Vine – yo rakonte diferan pati nan istwa Dorothy Bolden. Nou onore kontribisyon li fè nan mouvman dwa sivil la, efò li fè pou enskri votè ak lidèchip li nan batay pou diyite ak dwa travayè domestik yo.

Nan fen ane swasant yo, Dorothy Bolden ak lòt dirijan travayè domestik nan Sid la, te òganize plizyè dizèn milye travayè, majorite nan yo se te moun Nwa k ap bay swen, k ap netwaye kay, ak nani, pou yo te vin manm sendika Nasyonal Travayè Domestik Amerik. Yo te goumen e yo te genyen pi bon kondisyon travay, pwoteksyon ak pi bon salè. Madam Bolden fè pati de istwa òganize travayè domestik Nwa ki egziste depi byen lontan nan Atlanta, tankou grèv Lesivyè yo te fè a nan 1881.

Penti Miral sa yo se yon omaj a vizyon e ak sakrifis li, epi pou moun ki wè penti miral yo (ke se swa nan fason vityèl oswa an pèsòn) se yon chans pou yo aprann sou kiyès Dorothy Bolden te ye avèk tout sa li te fè pou vil nou an ak nasyon an. Yo kreye penti miral sa yo tou pou rekonèt lidè jounen jodi yo k ap evolye tankou Dorothy Bolden; travayè domestik Nwa lidè We Dream in Black (Nou Reve an Nwa) yo k ap kontinye nan vizyon ak eritaj li a.

 
EKSPLORE PENTI MIRAL YO

 
Istwa w toujou avè w. Li pa al okenn kote. Moun ka eseye debarase yo de li, men li pap janm kite w tout bon.

Dorothy Bolden

Penti Miral Yo

Vin wè yon ti apèsi atis lokal yo k ap travay sou penti miral yo epi manm lidè We Dream in Black yo ki vini pou kreye ak sipòte seri penti miral yo.
 

 
FÈ TOU AN

Resevwa Dènye Nouvèl yo

Enskri pou ka resevwa dènye nouvèl NDWA yo epi pou ka pami premye moun ki konnen lè y ap lanse tou seri penti miral yo.

Atis Yo

Ayanna Smith

Ayanna Smith

Ayanna se yon atis vizyèl media miks, ki gen yon espri kreyatif natirèl, yon kiltivatè iben, yon manman kat pitit epi li te fèt ak grandi nan Atlanta, Georgia.

LI PLIS
Charity Hamidullah

Charity Hamidullah

Charity Hamidullah se yon atis miltidisiplinè ki gen anpil divèsite kiltirèl, li soti nan Rochester, New York.

LI PLIS
Fabian Williams

Fabian Williams

Fabian Williams se yon atis vizyèl ak yon pèfòmè ki panse nan lavni.

LI PLIS
Vanna Farley

Vanna Farley

Vanna Farley se yon atis ekspresyonis ki fèt epi grandi nan Atlanta, GA.

LI PLIS